République d'Haïti

Haïti

Loi portant création
de l'Académie du créole haïtien

Le 7 avril 2014

 

La Loi portant création de l'Académie du créole haïtien a été adoptée uniquement en créole haïtien, l'une des langues officielles de l'État avec le français. Ainsi, la présente version française n'est qu'une simple traduction non officielle faite par Jacques Leclerc et Lionel Jean.

- Préambule
- Titre I : Dispositions générales
- Titre II :  Mission de l'Académie
- Titre III : Organisation de l'Académie du créole haïtien
- Titre IV : Relations de l'Académie avec d'autres institutions
- Titre V : Dispositions transitoires
- Titre VI : Dispositions finales

PWOPOZISYON LWA
POU KREYASYON AKADEMI AYISYEN AN

(Texte original officiel)

KONSIDERASYON

- Dapre atik 5; 24-3; 40; 213 Konstitisyon 1987 ;

- Lè nou konsidere entwodiksyon Konstitisyon 1987 ;

- Lè nou konsidere Sikilè 31 janvye 1987 Depatman Ledikasyon Nasyonal te voye nan tout lekòl pou montre kijan pou ekri kreyòl ayisyen an;

- Lè nou konsidere reyalite lengwistik peyi d Ayiti kote tout popilasyon an pale kreyòl, konprann kreyòl epi viv tout lavi li an kreyòl;

- Lè nou konsidere dwa popilasyon an genyen pou li viv nan lang li san rezèv kit se nan pale kit se nan ekri;

- Lè nou konsidere pwoblèm edikasyon nan peyi d Ayiti se yon baryè pou popilasyon ayisyen an fè devlopman politik, ekonomik, sosyal peyi a;

- Lè nou konsidere edikasyon ak alfabetizasyon popilasyon ayisyen an dwe fèt nan lang li;

- Lè nou konsidere Leta dwe sèvi ak lang kreyòl la nan plizyè domèn tankou domèn lasyans ak teknoloji;

- Lè nou konsidere se responsablite Leta Ayisyen pou li asire pwogrè ak devlopman popilasyon ayisyen an nan tout sans;

- Lè nou konsidere Leta ayisyen dwe veye pou tout enstitisyon prive kou piblik bay popilasyon ayisyen an sèvis nan lang kreyòl;

- Lè nou konsidere Leta ayisyen gen responsablite pou li kreye enstitisyon ki pèmèt lang kreyòl la devlope pou fasilite entegrasyon tout popilasyon ayisyen an;

- Lè nou konsidere nesesite pou Leta kreye Akademi Ayisyen an, ba li estati, misyon ak fonksyon li, jan Konstitisyon 1987 la mande li;

- Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an se yon enstitisyon nasyonal ki gen konpetans pou travay sou lang kreyòl la jan konstitisyon an mande li;

- Lè nou konsidere Akademi Ayisyen an dwe garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou sa ki konsène lang kreyòl la;

- Lè nou konsidere deklarasyon “Komite Inisyativ pou mete Akademi Ayisyen an kanpe” nan dat 28 oktòb 2010, ki mande pou respekte atik 213 Konstitisyon peyi a ki egzije yon Akademi Ayisyen;

- Lè nou konsidere rezolisyon “Kòlòk Entènasyonal sou Akademi Ayisyen an” nan dat 29 oktòb 2011, kote divès enstitisyon nan peyi a mete yo dakò sou wòl, òganizasyon ak fonksyònman Akademi Ayisyen an;

Lwa sa a fèt, jan atik 214-1 Konstitisyon 1987 la egzije li, pou òganize Akademi Ayisyen sou lang kreyòl la, epi ba li fason pou li fonksyone.

PROPOSITIONS DE LOI
SUR LA CRÉATION DE L'ACADÉMIE DU CRÉOLE HAÏTIEN

(Version traduite non officielle)

PRÉAMBULE

- Conformément aux articles 5, 24-3, 40 et 213 de la Constitution de 1987;

- Considérant le préambule de la Constitution de 1987;

- Considérant la circulaire du 31 janvier 1987 que le ministère de l'Éducation nationale a envoyée à toutes les écoles pour montrer comment écrire le créole haïtien;

- Considérant la réalité linguistique d'Haïti où la population parle le créole, comprend le créole et vit toute sa vie en créole;

- Considérant le droit de la population de vivre dans sa langue sans réserve à l'oral comme à l'écrit; 

- Considérant que le problème de l'éducation en Haïti constitue pour la population haïtienne un obstacle dans le développement politique, économique et social du pays ;

- Considérant que l'éducation et l'alphabétisation de la population haïtienne doivent être menées dans sa langue ;

- Considérant que l'État doit utiliser la langue créole dans plusieurs domaines, notamment dans celui de la science et de la technologie;

- Considérant que l'État haïtien est responsable de la réalisation du progrès et du développement de la population haïtienne dans tous les sens;

- Considérant que l'État haïtien doit veiller à ce que toutes les institutions publiques et privées fournissent des services à la population haïtienne dans la langue créole;

- Considérant que l'État haïtien a la responsabilité de créer des institutions permettant à la langue créole de se développer pour faciliter l'intégration de toute la population haïtienne;

- Considérant la nécessité pour l'État de créer l'Académie haïtienne en lui accordant le statut, la mission et les fonctions prévus par la Constitution de 1987;

- Considérant que l'Académie haïtienne est une institution nationale ayant compétence pour œuvrer sur la langue créole selon ce que prévoit la Constitution;

- Considérant que l'Académie haïtienne doit garantir les droits linguistiques de tout Haïtien en ce qui concerne la langue créole;

- Considérant la déclaration du «Comité d'initiative pour l'instauration de l'Académie du créole haïtien» du 28 octobre 2010, qui réclame le respect de l'article 213 de la Constitution exigeant une Académie haïtienne;

- Considérant la résolution du Colloque international sur l'Académie haïtienne du 29 octobre 2011, où les différentes institutions du pays se sont mises d'accord sur le rôle, l'organisation et le fonctionnement de l'Académie haïtienne ;

La présente loi ordonne, comme le prévoit l'article 214-1 de la Constitution de 1987, d'instaurer l'Académie du créole haïtien et de la faire fonctionner.


 

TIT I

DISPOZISYON JENERAL

CHAPIT I: NON AK SYEJ AKADEMI AN

Atik 1-

Lwa sa a kreye "Akadcmi Kreyòl Ayisyen" an jan Konstitisyon 1987 amande amande 1 nan atik 213 ak 214-1.

Atik 2

Syèj ofisyèl Akademi Kreyòl Ayisyen an nan Pòtoprens. Konsey Akademisyen yo ka deside transfere li nenpòt kote sou teritwa nasyonal la si sa nesesè.

CHAPIT II: ESTATI AK MISYON AKADEMI AN

Atik 3

Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta. Li endepandan e li kouvri tout peyi a. Li gen karaktè administratif, kiltirèl ak syantifik.

Atik 4

Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon leta ki gen konpetans pou li travay sou lang kreyòl la jan Konstitisyon 1987 amande l egzije l. Li la pou garanti dwa lengwistik tout Ayisyen sou tout sa ki konsène lang kreyòl la.

Atik 5

Akademi Kreyòl Ayisyen an se referans pou lang kreyòl la nan peyi dAyiti, kit nan pale, kit nan ekri, nan enstitisyon leta kou prive.

Atik 6

Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li:

a) Pran tout dispozisyon pou tout enstitisyon leta kou prive fonksyone nan lang kreyòl la selon prensip, regleman ak devlopman lang nan;

b) Pran tout dispozisyon pou ankouraje enstitisyon ak moun k ap pwodui nan lang kreyòl la suiv prensip ak regleman lang nan;

c) Pran tout dispozisyon pou ede popilasyon ayisyen an jwenn tout sèvis li bezwen nan lang kreyòl la.

d) Pran tout dispozisyon pou ede epi ankouraje tout biwo leta - kit se pouvwa egzekitif, kit se pouvwa legislatif kit se pouvwa jidisyè - respekte Konstitisyon an nan zafè lang.

e) Sèvi kòm referans pou lang kreyòl la pou tout sa ki konsène estandadizasyon lang nan kit se nan peyi dAyiti kit se nan lòt peyi kote Ayisyen yo tabli;

f) Fè tout sa ki nesesè pou Ayiti jwe wòl li kòm lidè nan monn kreyolofòn nan.

Atik 7

Akademi Kreyòl Ayisyen an granmoun tèt li devan Lajistis, li responsab tèt li nan zafè jesyon, administrasyon ak finans.

Atik 8

Leta' ayisyen dwe mete tout mwayen finansye ak tout resous nesesè pou Akademi Kreyòl Ayisyen an fonksyone komsadwa,

Atik 9

Akademi Kreyòl Ayisyen an gen dwa chèche lajan epi resevwa tout lòt kaliteresous li bezwen pou li fonksyone.

Atik 10

Akademi Kreyòl Ayisyen an ap jere finans ak resous li yo selon prensip kontablite piblik.

TITRE I

DISPOSITIONS GÉNÉRALES

CHAPITRE I: NOM ET SIÈGE DE L'ACADÉMIE

Article 1er

La présente loi crée l'Académie du créole haïtien comme le prévoit la Constitution de 1987, modifiée aux articles 213 et 214-1.

Article 2

Le siège officiel de l'Académie du créole haïtien est à Port-au-Prince. Le Conseil académicien peut décider de le transférer n'importe où sur le territoire national si nécessaire.

CHAPITRE II: STATUT ET MISSION DE l'ACADÉMIE

Article 3

L'Académie du créole haïtien est une institution de l'État. Elle est indépendante et couvre tout le pays. Elle possède un caractère administratif, culturel et scientifique.

Article 4

L'Académie du créole haïtien est une institution publique ayant compétence pour œuvrer sur la langue créole en vertu de la Constitution modifiée de 1987. Elle vise à garantir les droits linguistiques sur toutes les questions touchant la langue créole haïtienne.

Article 5

L'Académie du créole haïtien constitue la référence pour la langue créole en Haïti, que ce soit à l'oral ou à l'écrit, dans les institutions publiques et privées.

Article 6

L'Académie du créole haïtien remplira toutes les fonctions suivantes :

a) Prendre toutes les dispositions pour que toutes les institutions publiques et privées fonctionnent dans la langue créole selon les principes, les règles et le développement de la langue créole;

b) Prendre toutes les dispositions pour encourager les institutions et les individus qui écrivent la langue créole à suivre les règles de la langue;

c) Prendre toutes les dispositions pour aider la population haïtienne à obtenir tous les services nécessaires dans la langue créole;

d) Prendre toutes les mesures pour soutenir et encourager la fonction publique — que ce soit le pouvoir exécutif, le pouvoir législatif ou le pouvoir judiciaire — à respecter les dispositions linguistiques de la Constitution.

e) Servir de référence pour la langue créole en ce qui concerne la standardisation de la langue, que ce soit en Haïti ou dans les autres pays où vivent des Haïtiens;

f) Faire tout ce qui est nécessaire pour que Haïti soit un chef de file mondial pour les créolophones.

Article 7

L'Académie du créole haïtien est autonome devant la Justice; elle est indépendante en matière de gestion, d'administration et de finance.

Article 8

L'État haïtien doit accorder tous les moyens financiers et toutes les ressources nécessaires pour que l'Académie du créole haïtien puisse fonctionner correctement.

Article 9

L'Académie du créole haïtien a le droit de solliciter des fonds et d'accepter tous les autres types de ressources qu'elle estime nécessaire à son  fonctionnement.

Article 10

L'Académie du créole haïtien gère ses finances et ses ressources selon les principes de comptabilité publique.

TIT II

TRAVAY AKADEMI AN

Atik 11

Akademi Kreyòl Ayisyen an genyen misyon pou li:

a) Fè tout sa ki nesesè pou ankouraje pwodiksyon nan lang kreyòl;

b) Ankouraje eksperyans pèp la ap fè nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon lap fè an kreyòl, kit se pwodiksyon oral, kit se pwodiksyon ekri;

c) Fè tout sa ki nesesè pou fè kreyòl la gen bonjan reyonman ak prestij nan je popilasyon ayisyen an ak nan je lòt popilasyon yo;

d) Travay epi siveye pou gen relasyon ki byen balanse nan jan enstitisyon yo ap sèvi ak lang yo nan sosyete a;

e) Travay pou enstitisyon leta yo aplike Konstitisyon an nan piblikasyon tout dokiman ofisyèl yo nan lang kreyòl;

f) Fè pwopozisyon sou Fason moun kapab sèvi ak lang kreyòl la nan kominikasyon piblik nan peyi a;

g) Ankouraje travay sou devlopman zouti tankou gramè, diksyonè, leksik nan tout domèn;

h) Ankouraje travay sou pwogram fòmasyon teknik pou tout sektè ki bezwen fòmasyon avanse nan lang kreyòl;

i) Fè envantè tout moun k ap travay sou lang kreyòl ak espesyalis nan tout domèn k ap pwodui nan lang kreyòl;

j) Fè envantè pwodiksyon k ap fèt nan lang kreyòl ak pwodiksyon sou lang kreyòl anndan peyi a kou deyò;

k) Ankouraje epi pwopoze bonjan travay rechèch sou lang kreyòl la;

I) Travay pou enstitisyon rejyonal yo sèvi ak lang kreyòl la pou entegrasyon popilasyon kreyolofòn yo.

Atik 12 

Nan akonplisman misyon li, Akademi Ayisyen an genyen pou li:

a) Bay rekonesans piblik, rezilta rechèch ak, tout travay ki fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou otograf ak lòt zouti enpòtan pou lang nan;

b) Bay rekòmandasyon sou ankèt ak travay ki dwe fèt sou lang kreyòl la tankou envantè, diksyonè, travay sou sentaks, tèminoloji, leksik, fonoloji, regleman sou òtograf lang nan, ak lòt zouti enpòtan pou lang nan;

c) Bay konsiltasyon epi sèvi referans sou sa ki konsène lang kreyòl la;

d) Bay rekòmandasyon ki nesesè sou jan pou yo sèvi ak lang kreyòl, epi sou travay ki dwe fèt pou lang kreyòl la kontinye sèvi popilasyon ayisyen an nan dekouvèt, nan kreyasyon, nan pwodiksyon oral oswa ekri;

e) Pran desizyon ki nesesè sou sa ki konsène misyon Akademi Kreyòl Ayisyen an.

TITRE II

MISSION DE L'ACADÉMIE

Article 11

L'Académie du créole haïtien a pour mission de:

a) Faire tout le nécessaire pour promouvoir la production en langue créole;

b) Encourager les expériences du peuple haïtien en matière de recherche, de création, de production en créole, à l'oral comme à l'écrit;

c) Faire tout le nécessaire pour assurer un grand prestige et un très haut rayonnement du créole auprès du peuple haïtien et à d'autres populations dans le monde;

d) Œuvrer et veiller attentivement à un juste équilibre des relations lorsque les différentes institutions utilisent le créole dans la société haïtienne;

e) Faire en sorte que les institutions de l'État appliquent la Constitution en publiant tous les documents officiels dans la langue créole;

f) Soumettre des propositions quant aux façons d'utiliser la langue créole dans les communication publiques au pays;

g) Favoriser les travaux sur l'élaboration d'outils tels que des grammaires, des dictionnaires et des glossaires dans tous les domaines;

h) Encourager les travaux sur les programmes de formation technique pour tous les domaines qui nécessitent une formation avancée en créole;

i) Faire l'inventaire de tous les individus qui travaillent sur la langue créole, ainsi que des spécialistes qui produisent en langue créole, dans tous les domaines;

j) Faire l'inventaire de la production en langue créole et sur la langue créole à l'intérieur et à l'extérieur du pays;

k) Encourager et proposer des travaux de recherche de haute valeur sur la langue créole;

I) Intervenir pour que les institutions régionales utilisent la langue créole à des fins d'intégration de la population créolophone. 

Article 12 

Dans la réalisation de sa mission, l'Académie du créole haïtien doit :

a) Assurer la reconnaissance publique des résultats des recherches et de tout travail effectué sur la langue créole, qu'il s'agisse d'inventaires, de dictionnaires, d'études sur la syntaxe, de terminologie, de lexique, de phonologie, de règles d'orthographe et tout instrument pertinent sur la langue créole;

b) Émettre des recommandations sur des enquêtes et des travaux à exécuter sur la langue créole, par exemple des inventaires, des dictionnaires, des recherches sur la syntaxe, la terminologie, le lexique, la phonologie, les règles d'orthographe et tout autres outils important pour la langue; 

c) Offrir des conseils et servir de référence sur les questions touchant la langue créole;

d) Formuler des recommandations sur le bon usage de la langue créole et sur les travaux à poursuivre pour que la langue créole continue d'être au service de la population haïtienne en matière de découverte, de création et de production orale et écrite;

e) Prendre les décisions nécessaires sur les questions concernant la mission de l'Académie du créole haïtien.

TIT III

OGANIZASYON AKADEMI KREYOL AYISYEN AN

CHAPIT I

Atik 13

Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fonksyone ak kat (4) ògan:

a) Yon Konsèy Akademisyen;
b) Yon Konsèy Administrasyon;
c) Yon Konsèy Konsiltatif;
d) Yon Sekretarya Egzekitif

Seksyon 1: Misyon ak travay Konsey Akademisyen an

Atik 14

Konsèy Akademisyen an se pi gwo otorite Akademi Kreyòl Ayisyen an. Se li ki dwe bay oryantasyon pou Akademi an fonksyone kòmsadwa.

Atik 15.

Konsèy Akademisyen an gen pou li:

a) Defini politik jeneral Akademi an;
b) Fè eleksyon pou chwazi manm Konsèy Administrasyon yo;
c) Pran desizyon kraze Konsèy Administrasyon an si sa ta nesesè apre dizon 2/3 nan Konsèy Akademisyen an;
d) Konvoke Konsèy Administrasyon an pou mande li rann kont sou travay l ap fè.

Souseksyon 1.1- Fonksyonman Konsèy Akademisyen 'an

Atik 16

Konsèy Akademisyen an reyini chak ane nan seyans odinè sou envitasyon Konsèy Administrasyon an, epi nan seyans ekstwòdinè chak fwa sa nesesè.

Atik 17

Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon komsadwa lè 2/3 pou piti nan manm li yo prezan nan seyans lan. Si yo pa jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an ap reyini nan yon delè 15 jou fran. Si apre de (2) seyans•yo pa rive jwenn kowòm, Konsèy Akademisyen an kapab pran desizyon kelkeswa kantite manm li ki prezan.

Atik 18

Pou yon desizyon nan Konsèy Akademisyen an pase, fòk majorite manm ki prezan nan seyans lan vote pou li (sa vle di mwatye manm konsèy Akademisyen an plis youn).

Souseksyon 1.2: Kondisyon, kantite, reprezantasyon ak
manda Akademisyen an.

Atik 19

"Akademisyen " se yon tit onorifik. Moun ki gen tit "Akademisyen' p ap travay pou lajan, li pa gen salè, jan atik 214 Konstitisyon 1987 amande a mande li.

Atik 20

Pou yon moun vin gen tit Akademisyen, li dwe:

a) Ayisyen, fi kou gason;
b) gen 40 lane pou pi ;
c) ap jwi dwa sivil ak politik li, epi li pa gen pwoblèm ak lajistis;
d) moun ki travay, ki fè rechèch nan lang kreyòl la osnon sou lang kreyòl la; ki pwodui an kreyòl osnon sou lang kreyòl bon jan travay ki gen bon jan valè pou avansman ak devlopman lang kreyòl la;
e) moun sosyete a deja rekonèt zèv li ap fè pwomosyon pou avansman Lang kreyòl la.

Atik 21

Kantite Akademisyen yo nan Akademi Kreyòl Ayisyen an se 33 pou pi piti, 55 pou pi plis.

Atik 22

Akademisyen yo ap soti toupatou nan peyi a nan tout domen. Se enstitisyon ki ap travay sou lang kreyòl la k ap pwopoze moun sa yo.

Atik 23

Se enstitisyon ki fòme "Komite Inisyativ pou mete Akademi Kreyol Ayisyen an kanpe" ak enstitisyon ki te aktif nan oganize Kolòk oktòb 2011 lan, k ap gen pou chwazi premye manm yo nan lis yo va resevwa. Enstitisyon sa yo se:

• Inivèsite Leta d Ayiti,
• Ministè levasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl;
• Ministè Kilti;
• Fakilte Lengwistik Aplike (FLA);
• Jounal Bon Nouvèl,
• Konfederasyon Nasyonal Vodouyizan Ayisyen;
• Sosyete Animasyon ak Kominikasyon Sosyal (SAKS).

Atik 23-1

Se Konsèy Akademisyen an ki ap genyen pou chwazi lòt manm ki pou rantre yo.

Atik 24

Akademisyen yo kapab soti nan nenpot sektè, nan nenpòt kote nan peyi a, depi yo respekte kondisyon ki nan atik 20 an.

Atik 25

Yon moun Akademisyen pou lavi diran, tout Akademisyen se manm Konsèy Akademisyen an. Yon Akademisyen pèdi tit li lè li pèdi dwa sivil ak politik li, lè li pa respekte prensip etik Akademi an tabli.

Atik 26

Si yon Akademisyen demisyone, oubyen mouri, oubyen gen gwo pwoblèm sante ki fè li pa ka fonksyone, Konsèy Akademisyen an ap gen pou ranplase l dapre regleman entèn Akademi an.

Atik 27

Konsèy Akademisyen an ap tabli Regleman fonksyonman entèn li ak yon Kòd etik li jan lalwa mande li.

Seksyon 2: Misyon, fonksyonman ak travay
Konsèy Administrasyon an

Atik 28

Konsèy Administrasyon fòme ak sèt (7) Akademisyen ki soti nan eleksyon ki fèt anndan Konsèy Akademisyen yo. Manm Konsèy Administrayon an p ap travay pou lajan men yo va genyen prim pou reyinyon.

Atik 29

Konsèy Administrasyon an sèvi entèmedyè ant Konsèy Akademisyen an ak Sekretarya Egzekitif la.

Atik 30

Konsèy Administrasyon an gen pou li:

a) Bay oryantasyon estratejik;
b) Apwouve plan Aksyon Sekretarya Egzekitif la;
c) Apwouve bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
d) Sanksyone rapò Sekretarya Egzekitif la;
e) Bay dizon li sou regleman entèn Akademi an;
f) Pran tout kalite mezi pou asire bon fonksyònman Akademi an;
g) Prezante rapò travay li bay Konsèy Akademisyen an.

Atik 31

Konsèy Administrasyon an gen pou li reyini chak twa (3) mwa. Nan denye reyinyon pou lane a, li ap envite reprezantan twa pouvwa yo (egzekitif, lejislatif, jidisye) kòm obsèvatè.

Seksyon 3: Konposizyon ak wòl konsèy konsiltatif la

Atik 32

Konsèy Konsiltatif la ap gen de (2) kalite manm: yon ekip espesyalis ayisyen kou etranje ki reprezante divès rejyon, yon ekip moun ki reprezante divès enstitisyon sosyal. Tout se moun ki ap travay pou pwomosyon lang kreyòl nan tout kominote nan peyi a tankou nan peyi etranje.

Atik 33 

Wòl Konsèy Konsiitatif la se bay Konsey Administrasyon an dizon li sou travay ekip teknik la, sou kijan Akademi an ap mache, sou oryantasyon Akademi an.

Atik 34

Se Konsèy Akademisyen an ki chwazi manm Konsèy Konsiltatif la sou baz nivo eksperyans yo nan domèn travay yo ak nan pwodiksyon nan lang kreyòl la.

Seksyon 4: Misyon, konpozisyon ak travay
Sekretarya Egzekitif la

Atik 35

Sekretarya Egzekitif la se ògan egzektif Akademi Kreyol Ayisyen an.

Atik 36

Misyon Sekretarya Egzekitif la se asire jesyon estratejik Akademi an an pèmanans.

Atik 37

Sekretarya Egzekitif la gen yon Sekretè egzekitif ki gen divès sèvis teknik sou responsablite li.

Atik 38

Aksyon Sekretarya Egzekitif la angaje Akademi an devan lajistis.

Atik 39

Sekrete Egzekitif la ap reponn devan Lajistis pou Akademi an.

Atik 40

Travay Sekretarya Egzekitif la se:

a) Asire jesyon ak bon fonksyonman Akademi an;
b) Fè pwopozisyon bay Konsèy Administrasyon an sou jan pou yo sèvi ak bidjè Akademi an selon bezwen chak sèvis;
c) Asire nominasyon pèsonèl Akademi an;
d) Asire aplikasyon rezolisyon ak desizyon Konsèy Administrasyon an;
e) Mande Konsèy Administrasyon an pou òganize seyans ekstwodinè si sa nesesè;
f) Reprezante Akademi an nan peyi a tankou nan lòt peyi;
g) Tabli rapò ak lòt enstitisyon depi sa nesesè;
h) Patisipe nan reyinyon Konsèy Administrasyon an, men li p ap gen dwa vote.

Atik 41

Sekretarya Egzekitif la ap monte divès seksyon ak sèvis pou asire fonksyonman Akademi an.

TITRE III

ORGANISATION DE L'ACADÉMIE DU CRÉOLE HAÏTIEN

CHAPITRE I

Article 13

L'Académie du créole haïtien sera composée de quatre organismes:

a) Un Conseil académicien;
b) Un Conseil d'administration;
c) Un Conseil consultatif;
d) Un Secrétariat de direction.

Section 1: Mission et travaux du Conseil académicien

Article 14

Le Conseil académicien est l'autorité suprême de l'Académie du créole haïtien. Il doit proposer des orientations en vue du bon fonctionnement de l'Académie.

Article 15

Le Conseil académicien doit:

a) définir la politique générale de l'Académie;
b) procéder à l'élection des membres du Conseil d'administration;
c) démettre le Conseil d'administration à la demande des deux tiers du Conseil académicien;
d) convoquer périodiquement le Conseil d'administration pour que celui-ci vienne rendre compte de ses réalisations.

Sous-section 1.1 - Fonctionnement du Conseil académicien

Article 16

Le Conseil académicien se réunit chaque année en session ordinaire à l'invitation du Conseil d'administration et en session extraordinaire chaque fois que les circonstances l'exigent.

Article 17

Le Conseil académicien peut prendre des décisions lorsqu'au moins les deux tiers de ses membres sont présents à une séance. Si le quorum n'est pas atteint, le Conseil académicien se réunira dans un délai de quinze jours. Si, après deux convocations de séances, le quorum n'est toujours pas atteint, le Conseil académicien pourra procéder indépendamment du nombre des membres présents.

Article 18

Pour qu'une proposition du Conseil académicien soit adoptée, elle doit avoir été votée à la majorité des membres présents (c'est-à-dire la moitié des membres du Conseil académicien plus un).

Sous-section 1.2: Conditions, effectif, représentation
et mandat des académiciens

Article 19 

Le titre d'Académicien est purement honorifique. Ceux qui détiennent le titre d'académicien ne sont pas rémunérés, ils ne reçoivent donc pas de salaire, comme le stipule l'article 214 de la Constitution modifiée de 1987.

Article 20

Pour aspirer à devenir académicien, il faut :

a) être haïtien, homme ou femme;
b) avoir 40 ans ou plus;
c) jouir de ses droits civils et politiques, et ne pas avoir de démêlés avec la justice;
d) avoir travaillé et avoir effectué des recherches en créole ou sur la langue créole; ou avoir publié en créole ou en langue créole des travaux de haute tenue, susceptibles de contribuer à l'avancement et au rayonnement de la langue créole;
e) être très notablement reconnu pour l'avancement qu'assurent ses travaux à la langue créole.

Article 21

L''Académie du créole haïtien compte un minimum de 33 académiciens et un maximum de 55.

Article 22 

Les Académiciens peuvent être originaires de toutes les régions du pays et œuvrer dans différents domaines. Les propositions de candidatures proviendront de toute institution œuvrant sur la langue créole. 

Article 23 

L'institution qui a formé le «Comité d'initiative pour l'instauration de l'Académie du créole haïtien» et les institutions qui ont participé à l'organisation du colloque d'octobre 2011auront le privilège de choisir les premiers membres de l'Académie à partir d'une liste qui leur sera communiquée. Ces institutions sont :

• l'Université d'État d'Haïti;
• le ministère de l'Éducation nationale et de la Formation professionnelle;
• le ministère de la Culture;
• la Faculté de linguistique appliquée (FLA);
• le journal Bon Nouvèl ;
• la Confédération nationale des vodouisants haïtiens;
• la Société d'animation et de communication sociale (SAKS).

Article 23-1

C'est le Conseil académicien qui choisira les autres membres destinés à compléter son effectif.

Article 24

Les académiciens peuvent venir de n'importe quel domaine, de n'importe quelle région du pays, à la condition de respecter les critères fixés à l'article 20.

Article 25

Tout académicien est membre à vie et tous les membres du Conseil sont des académiciens. Tout académicien perd cependant son titre s'il a perdu ses droits civils et politiques, ou s'il ne respecte pas les valeurs éthiques prônées par l'Académie.

Article 26

Si un académicien démissionne ou décède, ou éprouve des problèmes de santé graves qui l'empêchent de remplir ses fonctions, le Conseil académicien doit le remplacer conformément aux règlements de l'Académie.

Article 27

Le Conseil académicien établit ses règles de fonctionnement interne et un code de déontologie selon les exigences de la loi.

Section 2: Mission, fonctionnement et tâches
du Conseil d'administration

Article 28 

Le Conseil d'administration est composé de sept académiciens retenus à partir des résultats d'une élection faite au sein du Conseil académicien. Les membres du Conseil d'administration ne sont pas rémunérés, mais ils peuvent obtenir des primes pour leur présence aux réunions.

Article 29

Le Conseil d'administration sert de médiateur entre le Conseil académicien et le Secrétariat de direction.

Article 30

Le Conseil d'administration doit:

a) fournir une orientation stratégique;
b) approuver le plan d'action du Secrétariat de direction;
c) approuver le budget de l'Académie établi selon les besoins de chaque service;
d) sanctionner le rapport du Secrétariat de direction;
e) fournir des informations sur les règles internes de l'Académie;
f) prendre toutes les mesures pour assurer le bon fonctionnement de l'Académie; 
g) présenter un rapport de ses travaux au Conseil académicien.

Article 31

Le Conseil d'administration doit se réunir tous les trois mois. À sa dernière réunion de l'année, il invite les représentants des trois pouvoirs (exécutif, législatif, judiciaire) en qualité d'observateurs.

Section 3: Composition et rôle du Conseil consultatif

Article 32

Le Conseil consultatif est formé de deux types de membres: une équipe de spécialistes haïtiens et étrangers représentant diverses régions, et une équipe de personnes représentant diverses institutions sociales. Tous doivent œuvrer pour la promotion de la langue créole dans toutes les communautés du pays comme à l'étranger.

Article 33

Le rôle du Conseil consultatif est de fournir au Conseil d'administration des informations sur les activités de l'équipe technique, le mode de fonctionnement et l'orientation de l'Académie.

Article 34

Le Conseil académicien choisit les membres du Conseil consultatif selon leur expérience dans leur domaine de travail et leur niveau de production dans la langue créole.

Section 4: Mission, composition et le fonctionnement
du Secrétariat de direction

Article 35

Le Secrétariat de direction est l'organisme de direction de l'Académie du créole haïtien.

Article 36 

La mission du Secrétariat de direction est d'assurer en permanence la gestion stratégique de l'Académie.

Article 37

Le Secrétariat de direction dispose d'un secrétaire de direction qui gère les différents services techniques sous sa responsabilité.

Article 38

Les actes du Secrétariat de direction engagent l'Académie devant la Justice.

Article 39

Le secrétaire de direction doit répondre pour l'Académie devant la Justice.

Article 40

Les travaux du Secrétariat de direction sont les suivants: 

a) veiller à la gestion et au bon fonctionnement de l'Académie;
b) présenter des propositions au Conseil d'administration sur la façon d'utiliser le budget de l'Académie selon les besoins de chaque service;
c) assurer la nomination du personnel de l'Académie;
d) veiller à la mise en œuvre des résolutions et des décisions du Conseil d'administration;
e) demander au Conseil d'administration d'organiser des sessions extraordinaires si cela s'avère nécessaire;
f) représenter l'Académie dans tout le pays ainsi que dans d'autres pays;
g) établir des liens avec d'autres institutions, si cela s'avère nécessaire;
h) participer aux réunions du Conseil d'administration, mais sans droit de vote.

Article 41

Le Secrétariat de direction doit mettre sur pied les diverses sections et les divers services pour assurer le fonctionnement de l'Académie.

CHAPIT II: OGAN PIBLIKASYON

Atik 42

Akademi Kreyòl Ayisyen an kreye yon ògan piblikasyon ki rele 'Bilten Akademi Kreyòl la" "Bilten Akademi Kreyòl la' ap sèvi pou pibliye ansanm dispozisyon, rezolisyon ak desizyon Akademi an pran sou lang kreyòl ayisyen an.

Atik 43

"Bilten Akademi Kreyòl la" ap parèt yon fwa chak ane. Konsèy Akademisyen an ka deside fè piblikasyon espesyal si sa nesesè.

TIT IV

RELASYON AKADEMI NA AK LOT ENSTITISYON LET A YO

Atik 44

Akademi Kreyòl Ayisyen an se yon enstitisyon ki transvèsal, se pou sa li ap gen pou li tabli akò kolaborasyon ak tout ministè ki gen yon wòl pou yo jwe nan travay Akademi an.

Atik 45

Desizyon Akademi Kreyòl Ayisyen an pran ap pibliye nan jounal Monitè, nan Bilten Akademi an epitou Laprimati ap mete yo sou fòm sikilè pou tout administrasyon piblik la.

Atik 46

Chak lane, Akademi Kreyòl Ayisyen an ap fè yon rankont travay ak chak pouvwa yo separeman: youn ak Palman an, youn ak Pouvwa Jidisyè a epi yon lòt la ak Pouvwa Egzekitif la sou travay yo fè pandan lane a, pou pataje satisfaksyon ak pwoblèm yo genyen - youn pa rapò ak lòt - epi pou diskite sou bidjè Akademi an.

TIT V

DISPOZISYON TRANZITWA

Atik 47

Akademi Kreyòl Ayisyen an gen pou li veye:

a) Pou tout fonksyonè leta jwenn fòmasyon nan lang kreyòl, nan yon delè 3 lane;
b) Pou tout lwa yo tradui nan lang kreyòl nan yon delè ki pa depase 3 lane;
c) Pou Palman an vote tout lwa yo ni an kreyòl ni an franse nan yon delè 6 mwa;
d) Pou Leta pran angajman pou tout anplwaye li yo ak tout administrasyon li yo kapab fonksyone nan lang kreyòl.

TIT VI

DISPOZISYON FINAL

Atik 48

Lwa sa a anile tout Lwa ak Dispozisyon Lwa, tout Dekrè Lwa ak Dispozisyon Dekrè Lwa, tout Dekrè ak Dispozisyon Dekrè ki depaman ak li.

Atik 49

Lwa sa a gen pou pibliye epi pou aplike san pedi tan sou tout teritwa nasyonal la.

CHAPITRE II: ORGANISME DE PUBLICATION

Article 42

L'Académie du créole haïtien crée un organisme de publication appelé «Bulletin de l'Académie créole», qui servira à publier les dispositions, les résolutions et les décisions prises par l'Académie sur la langue créole haïtienne.

Article 43

Le «Bulletin de l'Académie créole» paraît une fois l'an. Le Conseil académicien peut autoriser des publications spéciales, si cela s'avère nécessaire.

TITRE IV

RELATIONS DE L'ACADÉMIE AVEC D'AUTRES INSTITUTIONS

Article 44

L'Académie du créole haïtien est une institution multidisciplinaire qui doit mettre en œuvre des accords de collaboration avec tous les ministères ayant un rôle à jouer dans les travaux de l'Académie.

Article 45

Les décision de l'Académie du créole haïtien sont publiées dans le journal Le Moniteur et le Bulletin de l'Académie, et la Primature les diffusera également sous la forme de circulaires dans toute l'administration publique.

Article 46

Chaque année, l'Académie du créole haïtien tiendra une rencontre de travail avec chacun des pouvoirs séparément : l'une avec le Parlement et le pouvoir judiciaire, l'autre avec le pouvoir exécutif sur les travaux exécutés au cours de l'année, afin de partager les réussites et de traiter des problèmes rencontrés, l'un par rapport à l'autre, et de discuter du budget de l'Académie.

TITRE V

DISPOSITIONS TRANSITOIRES

Article 47

L'Académie du créole haïtien doit veiller :

a) à ce que tout fonctionnaire reçoive une formation en langue créole, dans un délai de trois ans;
b) à ce que tous les textes de loi soient traduits en créole dans un délai ne dépassant pas trois ans;
c) à ce que le Parlement adopte les lois à la fois en français et en créole dans un délai de six mois;
d) à ce que l'État fasse en sorte que tous ses employés et toute sa fonction administrative utilisent la langue créole.

TITRE VI

DISPOSITIONS FINALES

Article 48

La présente loi abroge toutes les lois et toutes les dispositions de loi, tous les décrets-lois et toutes les dispositions de décrets-lois qui la contredisent.

Article 49

La présente loi doit être publiée et appliquée dès que possible sur tout le territoire national.

Page précédente

Haïti

Accueil: aménagement linguistique dans le monde