République d'Haïti

Haïti

Exemple de valorisation du créole

Le texte suivant se veut un exemple de promotion de la langue créole par rapport au français. Il porte comme signature «Le Comité du curriculum».

REFÒM SISTEM EDIKASYON AYISYEN AN CHITA SOU VERITE SA YO

1. Pèp ayisyen an egal ego ak tout lòt pèp. Li fòje yon lang, li tabli yon kilti menm jan ak tout moun.

2. Soti depi li fèt rive jounen jodi a, lang kreyòl ayisyen an kite koridò lang patwa, li pran boulva lang total ki gen fason pa-1 pou kouche-1 sou papye.

Nan pwen lang lan rive koulyeya, tout konesans lasyans ak lateknik ka koule dous pase ladan li.

3. Men yon verite moun toupatou rekonèt : Pou fè aprantisaj lekti ak ekriti se nan lang manman timoun nan sa dwe fèt an premye.

4. Pa fouti gen devlopman si pa gen edikasyon.
Pa fouti gen devlopman si pa gen inyon tèt ansanm.

5. Gen 2 lang ki sèvi nan peyi a. Men se yon sèl pèp ayisyen an ki genyen. Kidonk, fòk gen yon sèl sistèm ansèyman ki pou sèvi ak tout 2 lang nou yo.

6. Pa gen son ki bèl, ni son ki lèd nan yon lang. Son (i) pa ni pi bèl ni pi lèd pase son (u).

Sèl sa ki genyen se kèk abltid ki kaye nan nou epi kèk vye lide ki tabli nan tèt nou.

7. Pale franse pa di moun save pou sa. Ni pale kreyòl pa di se betiz ase ou ka di.

Se pou chak ayisyen pran tèt li byen pou li egzaminen pawôl sa yo san paspouki. Konsa konsa, l'a konprann kesyon Refòm nan se yon pakèt afè nan istwa peyia. Ak Refòm nan, bajou kase pou yon epòk tou nouvo pou pèp ayisyen an.
 

QUELQUES VÉRITÉS FONDAMENTALES QUI SOUS-TENDENT LA RÉFORME DU SYSTÈME ÉDUCATIF HAÏTIEN

1. Le peuple haïtien n'est pas inférieur, il est créateur de langue et de culture, au même titre que tous les autres peuples.

2. Au cours de son évolution, le créole haïtien est passé du stade de patois à celui de langue écrite, standardisée et littéraire. Aujourd'hui, il est capable de véhiculer les connaissances scientifiques et techniques.

3. Il est universellement reconnu que l'apprentissage de la lecture et de l'écriture doit se faire dans la langue maternelle de l'enfant.

4. Pas de développement sans éducation.
Pas de développement sans unité.

5. Deux langues : Mais un seul peuple. Donc un seul système d'enseignement, utilisant deux langues.

6. Il n'y a pas de son vulgaire et pas de son noble. « I » n'est pas inférieur à « U ».

Il y a seulement des habitudes enracinées et des idées préconçues.

7. Français n'est pas synonyme de savoir. Créole n'est pas synonyme de vulgarité.

Que chaque Haïtien examine ces idées avec attention et sérénité. Alors il comprendra que la Réforme est une nécessité historique et qu'elle peut constituer l'aube d'une ère nouvelle pour le peuple haïtien.

Page précédente

Haïti

Accueil: aménagement linguistique dans le monde